Anbasad Meksik an Ayiti a fè konnen ke, nan dat 18 septanm 2026, yon kontenjan ki gen 114 manm Fòs Ame d Ayiti (FAd’H) te ale Meksik pou patisipe nan aktivite fòmasyon ak antrènman, nan kad koperasyon bilateral nan domèn defans. Gwoup la gen ladan l 108 rekri ak sis manm pèsonèl akonpayman ak kontwòl disiplinè.

Seremoni depa a te dewoule nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint-Louverture, an prezans, bò kote Meksik, direktè jeneral pou Amerik Santral ak Karayib la, Carlos Imanol Belausteguigoitia Reyes, anbasadè Meksik an Ayiti a, José de Jesús Cisneros Chávez, ansanm ak pèsonèl anbasad la. Bò kote Ayiti, te gen reprezantan otorite Ministè Defans lan, Eta-Majò FAd’H la, Anbasad Ayiti nan peyi Meksik ansanm ak responsab militè yo.

Pandan entèvansyon li a, kolonèl Neocles P. Arné Chèf Adjwen FADH la, te remèsye gouvènman Meksiken an pou sipò li epi li te mete aksan sou lefèt ke fòmasyon sa a pral kontribye nan pwofesyonalizasyon ak ranfòsman enstitisyonèl Lame Ayiti a. Li te ensiste sou lefèt ke « konesans yo jwenn yo se pou enstitisyon an tou » epi pèsonèl ki benefisye fòmasyon an dwe retounen Ayiti pou sèvi peyi a, pataje konesans yo epi kontribye nan amelyorasyon inite kote yo soti yo.

Inisyativ sa a se yon rezilta konkrè koperasyon bilateral la epi li reponn ak priyorite enstitisyonèl Ayiti defini, nan respè total pou souverènte peyi a. Anbasad Meksik rekonèt travay enstitisyon meksiken ak ayisyen yo ki te rann aksyon sa a posib, epi li remèsye konfyans yo fè Meksik pou kontribye nan fòmasyon pèsonèl militè ayisyen an. Meksik renouvle volonte li pou kontinye ankouraje yon koperasyon pwofesyonèl, ki chita sou respè souverènte Ayiti ak bon jan rezilta nan enterè toude peyi yo.