
Nan kad aksyon li yo nan domèn diplomasi kiltirèl ak pwomosyon echanj atistik ant Meksik ak Ayiti, Anbasad Meksik nan peyi Ayiti remèt Asosyasyon Quatre Chemins tradiksyon an kreyòl tèks Juan Rulfo a, ¡Diles que no me maten! (Di yo pou yo pa touye m!), youn nan pi gwo figi literati meksiken ak latino-ameriken an.
Tèks la ap sèvi pou yon lekti dramatize ki vize piblik ayisyen an, nan kad festival Quatre Chemins an. Nan istwa li a, Rulfo prezante refleksyon sou efè vyolans genyen sou lavi moun ak sou lavi kominote yo. Atravè difizyon tèks la an kreyòl, Anbasad la vle ankouraje yon kilti lapè epi kreye yon espas pou dyalòg sou vyolans, konsekans li genyen ak fason nou kapab simonte li.
Atravè kolaborasyon sa a, Anbasad Meksik la renouvle angajman li an favè koperasyon kiltirèl ak aksè ak literati ak atizay kòm mwayen pou ankouraje dyalòg, edikasyon ak rapprocheman ant pèp yo.